< ԿՈՂՈՍԱՑԻՍ 3 >

1 Ուրեմն, եթէ յարութիւն առիք Քրիստոսի հետ, փնտռեցէ՛ք այն բաները՝ որ վերն են, ուր Քրիստոս կը բազմի՝ Աստուծոյ աջ կողմը:
Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.
2 Մտածեցէ՛ք վերի բաներուն մասին, ո՛չ թէ երկրի վրայ եղող բաներուն մասին.
Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.
3 որովհետեւ դուք մեռաք, ու ձեր կեանքը պահուած է Քրիստոսի հետ՝ Աստուծոյ մէջ:
Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.
4 Երբ Քրիստոս՝ մեր կեանքը՝ երեւնայ, այն ատեն դո՛ւք ալ փառքով պիտի երեւնաք՝ անոր հետ:
Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Ուրեմն մեռցուցէ՛ք ձեր երկրաւոր անդամները.- պոռնկութիւնը, անմաքրութիւնը, անսանձ կիրքը, չար ցանկութիւնը եւ ագահութիւնը, որ կռապաշտութիւն է:
Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
6 Ասո՛նց համար Աստուծոյ բարկութիւնը կու գայ անհնազանդութեան որդիներուն վրայ,
Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo.
7 որոնց մէջ դո՛ւք ալ ժամանակին կ՚ընթանայիք, երբ կ՚ապրէիք անոնց մէջ:
Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo.
8 Բայց հիմա դո՛ւք ալ թօթափեցէ՛ք սա՛ ամէնը.- բարկութիւնը, զայրոյթը, չարամտութիւնը, հայհոյութիւնը, լիրբ խօսքերը՝ ձեր բերանէն:
Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.
9 Մի՛ ստէք իրարու. հանեցէ՛ք ձեր վրայէն հին մարդը՝ իր գործերով,
Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
10 ու հագէ՛ք այն նորը, որ նորոգուած է գիտակցութեամբ՝ իր Արարիչին պատկերին համաձայն,
epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vrè konesans selon imaj a Kreyatè, li.
11 եւ որուն մէջ ո՛չ Յոյն կայ, ո՛չ ալ Հրեայ, թլփատութիւն կամ անթլփատութիւն, օտար, Սկիւթացի, ստրուկ կամ ազատ. հապա Քրիստոս է ամէն ինչ, եւ բոլորին մէջ:
Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Ուրեմն, որպէս Աստուծոյ ընտրեալներ՝ սուրբ ու սիրելի, հագէ՛ք գութը, կարեկցութիւնը, քաղցրութիւնը, խոնարհութիւնը, հեզութիւնը, համբերատարութիւնը,
Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans;
13 հանդուրժելով իրարու եւ ներելով իրարու՝ եթէ մէկը տրտունջ մը ունենայ միւսին դէմ. ինչպէս Քրիստոս ներեց ձեզի, նոյնպէս ալ դո՛ւք ներեցէք:
ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Եւ այս բոլոր բաներուն վրայ՝ հագէ՛ք սէրը, որ կատարելութեան կապն է:
Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.
15 Ձեր սիրտերուն մէջ թող հովանաւորէ Աստուծոյ խաղաղութիւնը, որուն ալ կանչուեցաք՝ մէկ մարմինով, ու շնորհակա՛լ եղէք:
Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
16 Քրիստոսի խօսքը ճոխութեա՛մբ թող բնակի ձեր մէջ, որպէսզի ամբողջ իմաստութեամբ սորվեցնէք իրարու եւ խրատէք զիրար՝ սաղմոսներով, օրհներգերով ու հոգեւոր երգերով, շնորհակալութեամբ երգելով Աստուծոյ՝ ձեր սիրտերուն մէջ:
Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Եւ ամէն ինչ որ կ՚ընէք, թէ՛ խօսքով եւ թէ գործով, ըրէ՛ք Տէր Յիսուսի անունով, շնորհակալ ըլլալով Աստուծմէ ու Հօրմէն՝ անոր միջոցով:
Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
18 Կինե՛ր, հպատակեցէ՛ք ձեր ամուսիններուն, ինչպէս կը պատշաճի Տէրոջմով:
Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19 Ամուսիննե՛ր, սիրեցէ՛ք ձեր կիները եւ մի՛ դառնանաք անոնց դէմ:
Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20 Զաւակնե՛ր, հնազանդեցէ՛ք ձեր ծնողներուն ամէն բանի մէջ, որովհետեւ ա՛յդ է Տէրոջ հաճելին:
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21 Հայրե՛ր, մի՛ գրգռէք ձեր զաւակները, որպէսզի չվհատին:
Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22 Ստրուկնե՛ր, հնազանդեցէ՛ք ձեր մարմնաւոր տէրերուն ամէն բանի մէջ. ո՛չ թէ աչքի առջեւ ծառայելով՝ մարդահաճոներու պէս, հապա՝ պարզամտութեամբ, Տէրոջմէ՛ն վախնալով:
Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a.
23 Ի՛նչ որ կ՚ընէք՝ սրտա՛նց ըրէք, որպէս թէ Տէրոջ եւ ո՛չ թէ մարդոց,
Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.
24 գիտնալով թէ Տէրոջմէ՛ն պիտի ստանաք ժառանգութեան հատուցումը, որովհետեւ Տէր Քրիստոսի՛ կը ծառայէք:
Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
25 Բայց անիրաւը պիտի ստանայ իր անիրաւութեան պատիժը, եւ աչառութիւն չկայ:
Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.

< ԿՈՂՈՍԱՑԻՍ 3 >