< اَلْمَزَامِيرُ 150 >

هَلِّلُويَا. سَبِّحُوا ٱللهَ فِي قُدْسِهِ. سَبِّحُوهُ فِي فَلَكِ قُوَّتِهِ. ١ 1
Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
سَبِّحُوهُ عَلَى قُوَّاتِهِ. سَبِّحُوهُ حَسَبَ كَثْرَةِ عَظَمَتِهِ. ٢ 2
Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
سَبِّحُوهُ بِصَوْتِ ٱلصُّورِ. سَبِّحُوهُ بِرَبَابٍ وَعُودٍ. ٣ 3
Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita!
سَبِّحُوهُ بِدُفٍّ وَرَقْصٍ. سَبِّحُوهُ بِأَوْتَارٍ وَمِزْمَارٍ. ٤ 4
Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
سَبِّحُوهُ بِصُنُوجِ ٱلتَّصْوِيتِ. سَبِّحُوهُ بِصُنُوجِ ٱلْهُتَافِ. ٥ 5
Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti!
كُلُّ نَسَمَةٍ فَلْتُسَبِّحِ ٱلرَّبَّ. هَلِّلُويَا. ٦ 6
Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!

< اَلْمَزَامِيرُ 150 >