< اَلْمَزَامِيرُ 128 >

تَرْنِيمَةُ ٱلْمَصَاعِدِ طُوبَى لِكُلِّ مَنْ يَتَّقِي ٱلرَّبَّ، وَيَسْلُكُ فِي طُرُقِهِ. ١ 1
Yon chan pou monte vè tanp lan. A la beni se tout (sila) ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.
لِأَنَّكَ تَأْكُلُ تَعَبَ يَدَيْكَ، طُوبَاكَ وَخَيْرٌ لَكَ. ٢ 2
Lè ou manje nan fwi a men ou yo, ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
ٱمْرَأَتُكَ مِثْلُ كَرْمَةٍ مُثْمِرَةٍ فِي جَوَانِبِ بَيْتِكَ. بَنُوكَ مِثْلُ غُرُوسِ ٱلزَّيْتُونِ حَوْلَ مَائِدَتِكَ. ٣ 3
Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
هَكَذَا يُبَارَكُ ٱلرَّجُلُ ٱلْمُتَّقِي ٱلرَّبَّ. ٤ 4
Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
يُبَارِكُكَ ٱلرَّبُّ مِنْ صِهْيَوْنَ، وَتُبْصِرُ خَيْرَ أُورُشَلِيمَ كُلَّ أَيَّامِ حَيَاتِكَ، ٥ 5
Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion; ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
وَتَرَى بَنِي بَنِيكَ. سَلَامٌ عَلَى إِسْرَائِيلَ. ٦ 6
Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo! Ke lapè rete sou Israël!

< اَلْمَزَامِيرُ 128 >